Add parallel Print Page Options

19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20 Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”

21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye konsa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”

Read full chapter