Font Size
Lik 5:21-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 5:21-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye konsa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”
22 Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? 23-24 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International