Add parallel Print Page Options

25 Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”

Levi (Matye) swiv Jezi

(Mat 9:9-13; Mak 2:13-17)

27 Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.”

Read full chapter