Font Size
Lik 5:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 5:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”
Levi (Matye) swiv Jezi
(Mat 9:9-13; Mak 2:13-17)
27 Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.” 28 Levi kite tout bagay yo, li leve, li swiv Jezi.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International