Add parallel Print Page Options

34 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”

36 Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis.

Read full chapter