Add parallel Print Page Options

11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.

Jezi chwazi douz apot li yo

(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)

12 Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13 Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.

Read full chapter