Font Size
Lik 6:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 6:18-20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.
20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:
“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International