Add parallel Print Page Options

Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)

Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li.

Read full chapter