Font Size
Lik 7:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 7:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. 13 Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” 14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International