Add parallel Print Page Options

24 Pandan mesaje Janbatis yo t aprale, Jezi kòmanse pale ak foul la konsènan Janbatis. “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 25 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo. 26 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt.

Read full chapter