Add parallel Print Page Options

26 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 27 Men sa ki ekri nan Bib la sou li:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.[a]

28 M ap di nou sa: Nan pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:27 Sitasyon sa a soti nan Mal 3:1.