Add parallel Print Page Options

30 Men, Farizyen ansanm ak doktè lalwa yo te derefize aksepte plan Bondye pou yo. Yo pa t dakò resevwa batèm Janbatis la.

31 “A kisa m te ka konpare moun k ap viv nan tan alèkile yo? A kisa yo sanble menm? 32 Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di:

Nou jwe mizik ak flit pou nou,
    nou pa danse.
Nou chante chan ki tris pou nou,
    nou pa kriye.

Read full chapter