Add parallel Print Page Options

37 Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè.[a] Boutèy la te plen pafen. 38 Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo.

39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:37 wòch ki te gen anpil valè Literalman, “alabastè”. Se te yon kalite wòch ki te byen bèl yo te konn fè twou ladan l pou fè l sèvi kòm boutèy.