Font Size
Lik 8:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. 13 Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.
14 Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International