Font Size
Lik 8:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Jezi reponn yo: “Manman m ak frè m se moun ki tande pawòl Bondye epi ki fè sa li mande a.”
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)
22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International