Font Size
Lik 8:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:22-24
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)
22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”
Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International