Font Size
Lik 8:23-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:23-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”
Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal. 25 Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?”
Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International