Add parallel Print Page Options

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)

26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[a] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.

28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:26 Jerazenyen Kèk kopi nan lang Grèk yo genyen “Gadarenyen” epi kèk lòt genyen “Jegazenyen”.