Add parallel Print Page Options

28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.

30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”

Li reponn: “Lejyon.”[a] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:30 Lejyon Non sa a vle di anpil anpil. Yon lejyon se te yon rejiman ki te gen 6,000 sòlda nan lame Women an.