Add parallel Print Page Options

Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.

Istwa yon plantè ki t ap simen grenn

(Mat 13:1-17; Mak 4:1-12)

Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a:

“Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo.

Read full chapter