Add parallel Print Page Options

34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri.

Read full chapter