Font Size
Lik 8:41-43
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:41-43
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
41 Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. 42 Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan konsa te prèske mouri.
Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. 43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[a] men yo youn pa t ka geri li.
Read full chapterFootnotes
- 8:43 Li gentan depanse … doktè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen pawòl sa yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International