Font Size
Lik 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 “Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. 6 Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. 7 Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International