Font Size
Lik 9:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 9:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Men Ewòd t ap di nan panse li: “Se mwen ki te koupe tèt Janbatis. Ki lès nonm sa a ye menm k ap fè tout bagay sa yo m ap tande a?” Li pa t sispann chache okazyon rankontre ak Jezi.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Jan 6:1-14)
10 Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida. 11 Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International