Lik 2:21-39
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la.
Yo prezante Jezi nan tanp lan
22 Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon[a] yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23 Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”[b] 24 Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis,[c] dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou.
Simeyon wè Mesi a
25 Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. 26 Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. 27 Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. 28 Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di:
29 “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè,
jan ou te pwomèt mwen an.
30 Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a.
31 Ou prepare l mete devan je tout pèp yo.
32 Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo.
Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”
33 Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. 34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35 Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”
Àn wè Mesi a
36 Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri. 37 Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.
38 Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.
Jozèf ak Mari retounen lakay yo
39 Lè Jozèf ak Mari te fin fè tout sa Lalwa Senyè a te egzije pou yo fè, yo te retounen lakay yo nan Nazarèt, ti vil kote yo te rete a, nan Galile.
Read full chapterFootnotes
- 2:22 pirifikasyon Dapre Lalwa Moyiz la, yon fi ki fin akouche yon pitit gason te dwe ofri sakrifis nan tanp lan apre 40 jou pou l ka pirifye rityèlman. Gade nan Lev 12:2-8.
- 2:23 Gade nan Egz 13:2, 12.
- 2:24 Nòmalman, sakrifis pirifikasyon an se te yon ti mouton en (1) an ak yon pijon (Lev 12:6), men Lalwa a te pèmèt moun ki malere tankou Jozèf ak Mari ofri de toutrèl (Lev 12:8).
Copyright © 2017 by Bible League International