Add parallel Print Page Options

39 Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo. 40 Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.”

41 Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay. 42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”

Read full chapter