Add parallel Print Page Options

11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”

Satan tante Jezi

(Mat 4:1-11; Lik 4:1-13)

12 Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. 13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.

Read full chapter