Add parallel Print Page Options

20 San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Lik 4:31-37)

21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou saba a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[a] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa.