Add parallel Print Page Options

38 Men Jezi reponn yo: “Ann al nan lòt ti vil yo tou pou m kapab preche yo tou, paske se pou sa m vini nan zòn nan.” 39 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)

40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po konsa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun konsa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.