Add parallel Print Page Options

24 Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 25 Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. 26 Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a![a] Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:26 touf bwa … boule a Gade nan Egz 3:1-12.
  2. 12:26 Sitasyon sa a soti nan Egz 3:6.