Add parallel Print Page Options

39 Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 40 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye

(Lik 21:1-4)

41 Apre sa, Jezi te chita anfas bwat[a] kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:41 bwat Se te yon seri bwat anbwonz yo te mete kote moun yo te konn adore. Se nan bwat sa yo moun yo te konn mete ofrann yo pote pou Bondye.