Add parallel Print Page Options

36 Li di: “Abba,[a] O Papa! Tout bagay posib pou ou. Retire gode[b] soufrans sa a devan m non. Men, pa fè volonte pa m, fè volonte pa w.”

37 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn yo tout ap dòmi. Li di Pyè: “Simon, ou ap dòmi? Ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 38 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:36 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo.
  2. 14:36 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive.