Font Size
Mak 14:43-45
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 14:43-45
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)
43 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton.
44 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” 45 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International