Font Size
Mak 15:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 15:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
19 Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l. 20 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou you kwa
(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International