Font Size
Mak 2:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 2:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Read full chapterFootnotes
- 2:22 diven nouvo Se yon ji rezen fenk pire. Yo bezwen mete l yon kote pou l tounen diven. Lè l ap tounen diven, li konn degaje gaz gonfle barik la. Sa kapab eklate barik la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International