Add parallel Print Page Options

15 Kèk nan grenn yo tonbe bò chemen an. Bò chemen an, se sa yo ki tande pawòl Bondye a, menm tande yo tande pawòl la, Satan vini touswit retire pawòl ki te simen nan yo a.

16 Gen lòt moun ki tankou grenn ki tonbe nan karyann. Lè yo tande pawòl la yo resevwa l byen vit ak jwa. 17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.

Read full chapter