Add parallel Print Page Options

37 Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. 38 Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.”

39 Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd.

Read full chapter