Add parallel Print Page Options

13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.

14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil.

Read full chapter