Add parallel Print Page Options

Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:4 metrize l Lè you moun te gen yon konpòtman etranj se te yon wont pou fanmy li. Konsa yo te konn eseye “trete” yo. Kèk doktè te kwè lè yo te mete moun nan chenn oubyen mare yon moun fou, se te yon bon mwayen pou chache gerizon li.