Add parallel Print Page Options

47 Lannuit vin tonbe, bato a te gentan nan mitan lak la epi Jezi te atè a poukont li. 48 Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a. 49 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

Read full chapter