Add parallel Print Page Options

Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.[a]

Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”

Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:4 veso an kuiv Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “ak kanape”.