Add parallel Print Page Options

19 Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?”

Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”

20 E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”

21 Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”

Read full chapter