Add parallel Print Page Options

61 Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a,[a] Pitit Bondye beni an?”

62 Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”[b]

63 Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! 64 Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.”

Yo tout kondane li pou li mouri.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:61 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 14:62 Gade nan Sòm 110:1 ak Dan 7:13.