Add parallel Print Page Options

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

16 Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”

Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.

Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 16:8 Liv la fini la, nan kopi Grèk ki pi ansyen yo jwenn yo. Kèk kopi ki vini pi ta gen ti pati fin al sa a: “Men nan pi ta yo bay Pyè ak moun ki te avè l yo tout enstriksyon sa yo. Apre sa, Jezi voye yo limenm de lès a lwès ak mesaj sen sa a ki p ap janm chanje ki donk moun kapab sove pou tout tan.” Apre sa, kèk lòt kopi ajoute “Amèn.”

La tomba vuota. Messaggio dell'angelo

16 Passato il sabato, Maria di Màgdala, Maria di Giacomo e Salome comprarono oli aromatici per andare a imbalsamare Gesù. Di buon mattino, il primo giorno dopo il sabato, vennero al sepolcro al levar del sole. Esse dicevano tra loro: «Chi ci rotolerà via il masso dall'ingresso del sepolcro?». Ma, guardando, videro che il masso era gia stato rotolato via, benché fosse molto grande. Entrando nel sepolcro, videro un giovane, seduto sulla destra, vestito d'una veste bianca, ed ebbero paura. Ma egli disse loro: «Non abbiate paura! Voi cercate Gesù Nazareno, il crocifisso. E' risorto, non è qui. Ecco il luogo dove l'avevano deposto. Ora andate, dite ai suoi discepoli e a Pietro che egli vi precede in Galilea. Là lo vedrete, come vi ha detto». Ed esse, uscite, fuggirono via dal sepolcro perché erano piene di timore e di spavento. E non dissero niente a nessuno, perché avevano paura.

Read full chapter