Add parallel Print Page Options

14 Jozèf pran manman an ak tout pitit la, li pati pandan lannuit la pou ale an Ejip. 15 Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.”[a]

Ewòd touye tout bebe gason nan Bètleyèm

16 Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la. 17 Konsa, sa fè nou konprann pi byen pwofesi Jeremi an:

18 “Yon rèl pete nan Rama.
    Se yon rèl lanmò ak dezolasyon.
Rachèl ap kriye pou pitit li yo.
    Li refize tout konsolasyon.
    Paske pitit li yo mouri.”[b]

Jozèf ak Mari retounen nan peyi yo

19 Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip. 20 Li di l: “Leve! Pran pitit la ak manman l, retounen nan peyi Izrayèl. Moun ki te vle touye l yo gen tan mouri.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:15 Sitasyon sa a soti nan Oze 11:1.
  2. 2:18 Sitasyon sa a soti nan Jer 31:15.