Add parallel Print Page Options

Istwa nesans Mesi a

(Lik 2:1-7)

18 Men kijan Jezikris te fèt: Mari, manman li te fiyanse ak Jozèf. Anvan dat maryaj la te rive, Jozèf vin aprann Mari te ansent pa pouvwa Sentespri Bondye. 19 Jozèf, fiyanse Mari a, se te yon nèg debyen. Li deside pou l kraze relasyon an san fè gwo bri, pou evite twòp eskandal.

20 Men pandan Jozèf t ap reflechi sou sa k pase a, yon anj Senyè a parèt devan l nan yon rèv. Men sa anj lan te di l: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou, paske pitit ki nan vant li a, se travay Sentespri a.

Read full chapter