Add parallel Print Page Options

13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:15 Sodòm ak Gomò Se 2 vil nan Ansyen Testaman ki te repite anpil poutèt mechanste ak imoralite yo. Bondye te detwi yo ak dife depi nan tan Abraram. Gade nan Jen 19.