Add parallel Print Page Options

18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.

Read full chapter