Add parallel Print Page Options

23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[a] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.