Add parallel Print Page Options

24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[a] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Lik 12:2-7)

26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale.

Read full chapter

Footnotes

  1. 10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo.